Chofè at Hope For Haiti
Les Cayes, Sud, Haiti -
Full Time


Start Date

Immediate

Expiry Date

07 Jun, 26

Salary

0.0

Posted On

09 Mar, 26

Experience

2 year(s) or above

Remote Job

Yes

Telecommute

Yes

Sponsor Visa

No

Skills

Driving, Vehicle Maintenance, Logistics Coordination, Safety Assurance, Time Management, Organization, Problem Solving, Communication, Teamwork, Cultural Sensitivity, Adaptability, Stress Management, Physical Stamina, Conflict Resolution, Computer Literacy, Creole Proficiency

Industry

International Affairs

Description
Deklarasyon Misyon: Bay pèp Ayisyen an, sitou ti moun, yon kalite lavi ki pi bon. Brèf Rezime Oganizasyon an: Lespwa pou Ayiti se yon òganizasyon devlòpman entènasyonal ki kreye anpil nouvo bagay orijinal. Lap travay ann Ayiti depi 30 an. Oganizasyon an mete tèt li ansanm ak donatè endividyèl pou kreye yon chanjman ki dirab e ki gen rasin nan kominote a. Pou fè sa, nou mete anfaz nou sou nivo kominote e nou sèvi ak estrateji pou chanje tout aspè lavi kominote a. Lespwa pou Ayiti se yon òganizasyon kap bouje kote tout bagay ap mache rapid. Nou kwè nan travay zepòl a zepòl ak moun pou jwenn solisyon pou redui mizè. Vizyon nou pou Ayiti se: ti moun ki gen kè kontan, fanmi ki an sante, kominote kap fleri, e yon kote ki gen ase resous pou tout moun. Lespwa pou Ayiti gen yon Konsèy Direktè ki distenge e ki byenn etabli kap bay òganizasyon an bon gouvènans, siveyans e direksyon estratejik. Lespwa pou Ayiti ap bati sou fondasyon siksè li te deja poze a. Li vle kontinye fidèl anvè misyon li ak prensip de baz li yo e anmenmtan li vle ofri yon anviwònman kote bagay ap bouje e kote ouvriye kapab jwenn sipò yo bezwen an. Pou plis enfòmasyon sou Lespwa pou Ayiti, tanpri vizite www.hopeforhaiti.com. Fondasyon Kuehner: Lespwa pou Ayiti se yon « organisation à but non-lucratif » ki gen stati 501c3 Ozetazini e li enskri ann Ayiti anba non « Fondasyon Kuehner ». Non sa onore fondatris e prezidant òganizasyon an, JoAnne Kuehner. Wòl ak Responsabilite : Lespwa pou Ayiti/Fondasyon Kuehner opere nan 24 lekòl ak 5 rejyon pwogram nan depatman Sid la. An plis, nou konn akeyi gwoup vizitè. Chofè Lespwa pou Ayiti yo jwe yon wòl kritik paske yo transpòte pèsonèl, vizitè ak pwovizyon a lè e e an bon sekirite. An plis, chofè yo ede asire ke tout machin e lòt atou pou Lespwa pou Ayiti/Fondasyon Kuehner rete an bòn kondisyon. Pi Gran Reskonsabilite: ● Kondui pou Pwogram e Operasyon HFH/FK (80%) ● Fè Antretyen Machin yo (20%) ● Veye sou pwoprete ak bon kondisyon machin yo an toutan 1. Kondui Pwogram e Operasyon HFH/FK (80%) a. Kondui pèsonèl HFH/FK ak vizitè nan sit kote pwogram yo ap fèt ak lòt kote ki spesifye nan Kalandriye Lojistik la. b. Ranpli fòmilè Lis Verifikasyon pou Machin ak Kilometraj anvan chak vwayaj c. Asire ke machin nan gen ase gaz anvan nou kite biwo a oubyen Klinik la (Infimerie St. Etienne). d. Tcheke envantè ekipman machin nan apre chak vwayaj pou asire ke tout sa ki pou HFH/FK toujou nan machin nan. Envantè sa gen bagay tankou yon twous sekou, ekipman pou ijans, ak kab pou chaje machin nan e li kapab gen plis bagay toujou. e. Fè Lojisticien an konnen nenpòt lè gen ekipman ki disparèt, ki domaje, oubyen ki bezwen ranplase. f. Asire sekirite tout pasaje nan machin nan. g. Asire ke chak pasaje tache senti li anvan kòmanse vwayaj la. h. Lòk pòt machin nan pandan machin nan ap woule i. Suiv tout règ HFH/FK ak tout lwa Peyi Dayiti pandan machin nan nan wout j. Pa sèvi ak telefòn pandan ou nan wout e pa kite lòt bagay distrè ou k. Konsilte Direktè Operasyon an ak Lojisticien an pou wè ki jan wout la ye anvan ou pati pou nenpòt sit. Si ou rankontre yon pwoblèm nan wout, fè Direktè Operasyon an ak Lojisticien an konnen l. Fè Direktè Operasyon an konnen tousuit si gen yon aksidan ki enplike yon machin oubyen yon anplwaye HFH/FK. m. Rive a le lan travay e enfome le ou ap an reta ou absan n. Suiv tout kouvre-fe jan sa ekri nan politik ak pwosedi HFH/FK yo 2. Antretyen Machin (20%) a. Suiv nivo gaz, dlo, e lwil nan machin nan e fè Lojisticien an la konnen nenpòt lè yon machin manke lwil b. Fè yon enspeksyon sou tout machin nan anvan ou kòmanse kondui. Ranpli fom ki fet pou sa. c. Asire ke machin nan pwòp ni deyò ni anndan d. Fè Direktè Operasyon an konnen nenpòt lè machin nan bezwen repare ou bezwen antretyen e. Fè antretyen ak reparasyon machin nan lè Direktè Operasyon an mande ou fè sa, selon nivo kapasite e fòmasyon ou genyen FOMASYON / EKSPERYANS ● Niveau lekol: Certificat 9eme Ane Fondamantal ● Kapab sèvi ak òdinatè ak Gmail Suite (kourye elektronik, dokiman Google, kalandriye Google), Microsoft Word, e Microsoft Excel ● Gen yon konesans pratik de machin, mekanisyen ak lwa sikilasyon yo ann Ayiti ● Gen konpetans ki èkselan nan ekri, pale, e kominike ak lòt moun ● Kapab pale e ekri Kreyòl byen (nou prefere moun ki gen konpetans nan Fransè tou). ● Gen konpetans ki siperyè nan òganizasyon e kapab priyorize travay yo ki pi enpòtan ● Kapab jwenn nouvo fason pou rezoud pwoblèm e kapab jwenn bagay pou li fè san lòt moun pa bezwen di li anyen ● Kapab travay nan yon ekip KARAKTÈ PÈSONÈL ● Gen yon angajman pèsonèl nan misyon e vizyon Lespwa pou Ayiti e yon dezi pou ede moun ki pi vilnerab nan popilasyon an ● Kapab reponn nan yon fason ki apwopriye e sansib a diferans kiltirèl lè yo parèt nan popilasyon òganizasyon an ap sèvi ● Pa janm revele okenn enfòmasyon prive bay lòt moun ● Gen kapasite pou li adapte e fè bon desizyon ak tèt fwèt nan sitiyasyon ki ka bay estrès ● Gen yon konpòtman e yon pèspektiv ki pasyan e fleksib ● Gen anpil enèji ak fòs fizik. Li ta dwe kapab mache plis pase 5 kilomèt e pote o mwens 15 kilo sou zepòl li ● Kapab rezoud konfli ak lòt moun e travay byen ann ekip ● Kapab mennen e patisipe nan reyinyon pèsonèl ak reyinyon planifikasyon pou reprezante misyon Lespwa pou Ayiti bay lòt manm ekip la ak kolèg li yo ● Gen konpetans pou òganizasyon ki èkselan e yon kapasite pou priyorize travay yo ki pi enpòtan ● Kapab degaje e adapte tèt li a nenpòt sitiyasyon, e pa gen pwoblèm avèk le fè ke Lespwa pou Ayiti ak aktivite li yo ansanm ak resous ak objektif li yo ap toujou chanje. ● Kapab travay ann ekip nan yon fason ki efikas. KARAKTERISTIK PÈSONÈL KI ALIMEN AK VALÈ FONDAMANTAL YO Rezilyans Kapasite pou reponn ak respè ak sansiblite devan diferans kiltirèl ki ka parèt nan mitan popilasyon òganizasyon an ap sèvi a. Kapasite pou aprann vit, pran inisyativ, epi fè rapò sou rezilta yo. Fleksib, adaptab, pasyan, epi aksepte lefèt ke Hope for Haiti ak aktivite li yo ap toujou ap evolye selon resous ak objektif li yo. Kapasite pou adapte w epi pran desizyon kalm ak reflechi nan sitiyasyon ki gen estrès. Otonomizasyon (Empowerment) Kapasite pou òganize epi patisipe nan reyinyon anplwaye ak planifikasyon estratejik avèk pwofesyonèl, epi reprezante misyon Hope for Haiti bay manm ekip la ak kòlèg yo. Gen sans inisyativ, responsablite, ak kreyativite. Bon kapasite pou rezoud pwoblèm. Responsablite (Accountability) Bay anpil atansyon ak detay epi respekte lè nan egzekite responsablite yo ba ou. Ekselan kapasite òganizasyon ak kapasite pou bay priyorite ak travay yo asiyen yo. Angajman pèsonèl ak misyon ak vizyon Hope for Haiti ansanm ak yon dezi pou ede popilasyon ki pi vilnerab yo. Kenbe pi gwo nivo konfidansyalite pou enfòmasyon sansib. Kolaborasyon Kapasite pou travay ak kominike efektivman ak yon ekip. Kapasite pou rezoud konfli ant moun pandan w ap prezève yon lespri travay an ekip. Kapasite pou kominike fasil ak manm ekip la. Angajman ak Nòm Òganizasyonèl Hope for Haiti Espwa Yon kwayans pataje ke toujou gen yon chemen pou amelyorasyon malgre defi ki devan nou yo. Yon vizyon pozitif ak kapasite pou travay atravè sitiyasyon difisil pandan w konnen li posib pou reyalize rezilta yo vle yo. Angajman ak Kòd Konduit ak Règleman Pwoteksyon Hope for Haiti KONPANSASYON AK AVANTAJ Kandida nasyonal sèlman. Y ap bay yon alokasyon chak mwa. Pa gen lòt avantaj pou wòl sa a. PWOSÈS APLIKASYON Hope for Haiti ap aksepte aplikasyon kounye a. Kandida ki enterese yo dwe soumèt yon rezime (CV) ansanm ak yon lèt motivasyon ki gen omwen 3 referans ak nimewo telefòn ak imèl yo. Aplikasyon yo dwe soumèt anvan 10 Mas 2026 oswa jiskaske yo chwazi yon kandida kalifye. Hope for Haiti se yon anplwayè ki bay menm opòtinite pou tout moun. Hope for Haiti konsidere tout aplikan selon merit yo san diskriminasyon sou baz ras, sèks, oryantasyon seksyèl, koulè, orijin nasyonal, relijyon, idantite oswa ekspresyon sèks, laj, sitiyasyon maryaj, sitiyasyon fanmi, desandans, estati veteran, oswa andikap. REKONESANS PWOTEKSYON HFH entèdi tout fòm abi ak eksplwatasyon kont timoun ak granmoun vilnerab. Antanke kandida pwofesyonèl, ou angaje w pou respekte politik òganizasyon an sou pwoteksyon, dwa ak diyite timoun ak granmoun vilnerab, epi pou pwoteje yo kont abi ak eksplwatasyon jan sa defini nan Politik Pwoteksyon HFH. Mezi pwoteksyon nou yo gen ladan yo: Fòmasyon obligatwa sou pwoteksyon pou tout anplwaye ak patnè yo. Deklarasyon pèsonèl obligatwa pandan pwosesis rekritman an. Chanèl rapò ki aksesib ak konfidansyèl pou nenpòt enkyetid oswa ensidan, pou asire ankèt rapid ak konplè. Revizyon regilye politik pwoteksyon nou yo pou asire yo satisfè pi wo estanda yo. Lè ou aplike pou pozisyon sa a, ou rekonèt epi ou dakò ak politik ak pratik pwoteksyon nou yo. Mèsi anpil pou enterè ou nan Hope for Haiti! Pou aprann plis sou nou, tanpri vizite: www.hopeforhaiti.com . Location Les Cayes, Sud Department Operations Employment Type Contractor Minimum Experience Experienced
Responsibilities
The primary role involves safely transporting personnel and visitors to program sites and specified locations while ensuring all vehicles and equipment remain in good condition. Drivers are also responsible for performing routine vehicle maintenance checks and reporting any necessary repairs or missing inventory.
Loading...